Podchaser Logo
Home
Yon lidèship ki santrel sou enpotans ak valè moun dabò, toujou bay rezilta!

Yon lidèship ki santrel sou enpotans ak valè moun dabò, toujou bay rezilta!

Released Saturday, 20th June 2020
Good episode? Give it some love!
Yon lidèship ki santrel sou enpotans ak valè moun dabò, toujou bay rezilta!

Yon lidèship ki santrel sou enpotans ak valè moun dabò, toujou bay rezilta!

Yon lidèship ki santrel sou enpotans ak valè moun dabò, toujou bay rezilta!

Yon lidèship ki santrel sou enpotans ak valè moun dabò, toujou bay rezilta!

Saturday, 20th June 2020
Good episode? Give it some love!
Rate Episode

Li paret fasil pouw pale oswa ekri sou sa ki gen rapò ak lidèship men Sè pa yon bagay Ki toujou fasil pouw asime kapasitew antanke lidè.... Mrenmen repete souvan ke Lidèship nan limenm son bagay ki kontekstyèl, e pakou nou nan pwosesesis la kom lidè gon fom sinizoyidal e poutèt sa lidè yo dwe toujou ap evalye tet yo parapò a moun yo te ye avan e moun yo vin ye jodia.Menm Jan laviw gen enfliyans sou antouraj ou, se menm Jan an vi paw ap rive enfliyanse pa tout sa kew bay pèmisyon pou antre nan laviw; e yo kapab se moun kew pase anpil tan ak yo; mizik ke wap koute; liv kew li etc.... Eksperiyans aprann mwen ke chak etap, chak sezon nan pakou yon lidè vini ak nouvo défi e nouvo défi sa yo pral revele model lidèship Ou epi metew faskare a fos epi febles ou; donk antanke lidè, li plis ke enpotan pouw toujou ap evalye moun ou ye epi kontinye grandi nan bon sans lan... Mwen vle pataje 3 valè ke lidè sa yo aplike nan model lidèship ke yo devlope ak antouraj yo: 1-Lidè sa yo, kwè nan fome lòt moun, ede yo devlope talan ak kapasite yo nan pi wo nivo a. Yo plis konsidere tet yo kom yon kotch pou moun sa yo, olye de yon bouro. 2-Lide sa yo, rekonet ke strateji son kantite ide kew genyen san resouzimèn, rive ekzekite bèl ide sa yo se sèl diferans ki egziste ant posibilite ak reyalite.Lidè sa yo, konprann ke tout gro akonplisman yo rive fè pa selman rive jus paske yo te gen bèl ide; men sa rive paske yon moun te pran bèl ide sa yo epi enspire lot moun ak yo. 3-Lidè sa yo, envesti nan siksè chak grenn manb ekip yo, Yo pa janm rate yon okazyon pou yo pale, ak selebre lavi epi mentore manb ekip yo.

Daprè anpil gro ikón nan mond lidèship la, lidè ki rive atenn plis objektif, lidè ki champyon nan kous la, rete grave nan memwa kom lidè ki envesti plis nan moun; paske statisk montre ke 80-90 % fwa lidè yo pa janm aji pou pwop entere yo m’en pito nan enterè majorite a. E Pou chak objektif atenn , lidè Sa yo toujou préféré atribye siksè rezilta sa yo nan kad yon aksyon kolektif, yon travay dekip olye de yon reysit pèsonèl. Pemet mwen pataje avew 3 karakteristik kap edew konprann epi rekonet lidè sa yo, ki aplike yon model lidèship kote ke nwayo lidèship li se enpotans li bay moun de fason jeneral. 1-Lidè sa yo pa janm abandonné kous la, esperans yo toujou high level; yo toujou rete focus sou sa kise objektif yo e nenpot Jan situation an oswa sikonstans lan ta difisil road map la pap chanje.Mwen sur kew konn yon moun konsa nan antouraj ou! 2-Lidè sa yo gen bon jan kapasite pou yo fè diferans ant sa ki son angajman ak yon senp desizyon. Yo gen kapasite pou yo li ak defini chak green manb ekip yo parapò ak aksyon ke moun sa yo poze epi pawol ke yap pale. 3-Lidè sa yo gen kapasite pou yo wè talan kache lakay lòt moun; epi pemet moun sa yo akonpli anpil gro bagay ke yo pat menm panse ke yo te gen talan pou sa. Mpa vle diw ke lidèship son bagay Ki senp e vi yon lidè son bagay Ki fasil paske lidèship menm jan ak anpil lot domèn mande anpil disiplin, imilite, onètete... Sonje sa, lidèship son domèn Ki frajil anpil, paske antanke lidè ou gen kapasite pouw konvenk epi pouse moun aji nan bon ou nan move sans lan , e anpil lidè chwazi itilize kapasite sa pou yo manipile lot moun, tire pwop avantaj yo epi abandone yo nan kous la.Yon pratik konsa pap janm mennenw a yon viktwa définitiv m’en pito a yon viktwa pasajè pandan kous la, e onètman antre nou Mpa kwe ke se mod eritaj sa yo ou swete kite kom lidè. Mwen ankourajew rewè enpotans kew te bay moun nan model lidèship ke wap aplike, paske swivan eksperyans mwen, gen kek moman nan pwosesis la dout pral gen poul vle pran kontrol aksyon ou yo e lè moman sa yo prezante mwen surrrr ke siw te byen envesti nan moun, siw te pran pouw t yon kotch pou manb Ekip ou olye de yon bouro, mwen garantiw ke envestiman sa yo kew t fè ap tounen vin jwenn Ou; vin jwenn kominote a sou plizyè fòm, men sitou wap franchi etap difisil sa wolamen jan pawol la repete a.

---

Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/davidson-jules/message

Show More

Unlock more with Podchaser Pro

  • Audience Insights
  • Contact Information
  • Demographics
  • Charts
  • Sponsor History
  • and More!
Pro Features